Origine du document
   >Site : http://ugtg.org
   >Page : spip.php?article1784
   >URL complète : http://ugtg.org/spip.php?article1784

Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomaje Viktim Kolera yo : Sou mobilizasyon 1e me a

 

Sou tèm “Travay wi, esklavaj non !”, divès òganizasyon[1] nan kan popilè a lanse yon mobilizasyon pou premye ane sa a. N ap raple premye se jounen entènasyonal lit travayè ak travayèz yo.

Yon jou ki make lit travayè/èz yo mennen nan anpil peyi sou latè anfas patwon yo, pou mande pi bon kondisyon travay. Alòske Leta grandon/boujwa a, klas esplwatè yo ak tout machin pwopagann yo gen sou kontwòl yo kontinye ap klewonen epi mistifye mas yo kòm ki dire jou premye me a, se ta fèt agrikilti ak travay, kote se gwo fwa pou vann pèpè ak pwodwi ki sot kay vwazen ak etazini ki ekspoze. Nan faktori yo, se tankou esklav patwon yo ap trete ouvriye ak ouvriyèz yo.

Nou pap bliye nan ki kondisyon tipeyzan san tè, ouvriye agrikòl ap travay nan pran 2 mwatye nan men grandon, nan touche yon grapday pou yon jounen travay. Nou paka bliye tou nan ki kondisyon malouk travayè ak travayèz nan edikasyon yo nan tout nivo ap bay moso pen lenstriksyon san konte kantite jèn fanm ak jèn gason ki ap reve je klè pou yo jwenn travay.

Nan sans sa a, Kolektif la kore ak tout fòs li manifestasyon òganizasyon sendikal ak popilè yo ap fè jou madi premye me 2012 la pou mande :

- Pou patwon yo respekte dwa travayè/èz pou yo òganize yo an sendika

- Pou patwon yo sispann revoke travayè/èz k ap defann dwa yo

- Pou ministè afè sosyal fè patwon yo respekte lwa sou salè minimòm nan nan soutretans yo

- Pou palman an voye pwojè lwa Boulòs ak senatè Anacacis fè sou travay lannuit la nan poubèl

- Pou pouvwa anplas la fè bak sou bann pwojè ekonomik k ap lage peyi a nan plis mizè, malsite ak plis depandans

Pou tout rezon sa yo, kolektif la mande tout òganizasyon konsekan, travayè, travayèz, ti machann, etidyan, pwofesè, elèv, militan pwogresis, fanm ak gason vanyan nan katye popilè yo, vin pote boure nan manifestasyon k ap fèt premye me a pou mande pibon kondisyon travay pou travayè/èz yo.

Premye me, 9vè tanpan, n ap rasanble devan Pak Endistriyèl la, lonje wout Ayewopò a, travèse delma 2, bèlè pou al bout devan palman an.

Travay wi, esklavaj non !

Pou Kolektif la

Guy NUMA Yves PIERRE-LOUIS Siméon Wisly

Publié par la Rédaction le mercredi 2 mai 2012

Forum article

Aucune réaction pour le moment !